책 소개
“Yon liv endispansab pou moun ki ap kòmanse yon pèlerinaj.” Pou pèlerin ki ap antre nan yon vwayaj solitè epi difisil, ki pote chay misyon yo konfye yo a, liv sa a esansyèl pou yo genyen nan valiz yo. Lè chemen ki devan an sanble pa klè, lè li sanble ou ale twò lwen, oswa lè ou pa sèten sou chemen pou ou pran, kite liv sa a gide lanmou ou. Si ou bliye kijan pou renmen, si ou pa gen asirans sou moun ou dwe renmen, si ou santi ou akable ak gwo chaj responsabilite pou avni ou, oswa ou bezwen yon moman poz pou rekòmanse, se liv sa a pou ou li. Mwen rekòmande nou li liv Vwayaj ak Jezi ke Pastè Yong Hui ekri. Senyè a gide pèlerinaj nou epi li bay nou detay ak gidans, li mache sou chemen an avè nou. Avèk yon lanmou san fay, li pale dousman epi sensèman ak nou, li di: “Èske ou pa konnen mwen vle lanmou ou tou?” Li envite nou rantre nan yon vwayaj espirityèl ki defini dapre yon lanmou pwofon, youn pou lòt, olye de yon devosyon yon sèl bò. Pastè Yong Hui pote yon enfliyans pozitif ak kouraj atravè plizyè ministè tankou Ministè Gerizon, Disiplin Espirityèl yo, ak Ministè Prizon Ozetazini, epi li ekri liv sa a anba gidans Sentespri a pandan li te nan yon kominyon pwofon ak Senyè a. Vwayaj ak Jezi se tankou yon bwason rafrechisan, yon lawouze nan maten pou tout moun ki fatige epi ki chaje akoz ministè. _Rev. James D. Kim, Senior Pastor of International Chambit Christian Fellowship (ICCF), President of Global Mission Literature Society, Professor at Global Spirituality Creative Academy
목차펼치기접기
Remèsiman Temwayaj sou liv la Entwodiksyon Pati 1 \u0007Vwayaj ak Jezi: Vizyon, rèv, meditasyon ak refleksyon Chapit 1 \u0007Vwayaj ak Jezi Chapit 2 Vwayaj ak Jezi Chapit 3 \u0007Yon lapriyè benediksyon Pati 2 \u0007Vwayaj ak Jezi: Lapriyè an silans ak meditasyon Chapit 1 Lapriyè an silans ak meditasyon Chapit 2 Ki jan poum pratike lapriyè an silans Chapit 3 Ki jan yo dwe pratike lapriyè an silans: Yon pwojè lapriyè an 30 jou Pati 3 \u0007Vwayaj ak Jezi: Ki jan pou w evite pyèj lidèchip espirityèl yo Ki jan pou w evite pyèj lidèchip espirityèl yo Pati 4 \u0007Vwayaj ak Jezi: Pouvwa levanjil la Pouvwa levanjil la Anèks - Yon envitasyon - Sou otè a - Transformation Project Prison Ministry (TPPM)
출처: 국립중앙도서관 서지정보
리뷰 남기기
로그인하면 리뷰를 남길 수 있어요.
리뷰 0개
아직 리뷰가 없어요.